mercredi 7 mai 2008

Lang kreyòl la!

Youn nan eleman enpòtan ki mete kanpe yon nasyon, se lang li , drapo l, ak espas kote moun li yo rete. Lang kreyòl aysyen an te jwe yon gran wòl nan fondasyon nasyon an, paske li konstwi ekzistans peyi dayti. Lang kreyòl la te yon pilye nan viktwa lame endijèn nan, ki t a pral bay kreyasyon premye repiblik nwa 1 janvye 1804, apre kongrè Bwa-Kayiman nan ane 1791 kote esklav yo te deside pou premye fwa itilize lang kreyòl la, pou mennen batay kont lesklavaj. Leta aysyen fè yon gwo jefò lè yo chwazi mete kreyòl la kòm youn nan lang ofisyèl nan konstitisyon an, kote yo rekonèt kreyòl la kòm lang nasyonal ki ini tout pitit peyi a. Lè Leta Aysyen fè chwa sa a, yon manyè ak yon lòt li pran angajman pou l bay kreyòl la priyorite nan tout aktivite l epi kreye pou lang sa yon bidjè espesyal pou l ka gen fòs toutan, pandan Leta ap kontinye travay pou devlopman l, pwoteksyon l, pwomosyon l epi pèmèt tout sitwayen nan peyi a aprann lang sa a, voye l monte nan peyi a, kou lòt bò dlo. Kreyòl se lang tout aysyen paske n ap pale l depi nan vant manman nou. Se nan lang sa a, peyi dayiti dwe natirèlman montre idantite l epi defann ak pwoteje dwa fondamantal tout sitwayen aysyen.

Aucun commentaire: