samedi 19 juillet 2008

Katryèm leson
Jean Erich René
4.- Pwonon ak adektif
4.1.- Pwonon pèsonèl
Yon pwonon pèsonèl se yon mo ki ranplase moun kap pale ya ou byen moun oubyen bagay wap pale de li ya.
Men pwonon pèsonèl yo :Mwen
Ou
Li
Nou
Yo

Ou gen dwa mete yo avan ou apre vèb la:
a) Anvan vèb la : Lè wou mete pronom pèsonèl la avan vèb la se sijè li ye

Mwen : Mwen sèkle
Wou : Wou plante
Li : Li rouze
Nou: Nou rekòlte
Yo :Yo vann

b) Apre vèb la :
Lè wou mete pronom pèsonèl la apre vèb la se konpleman li ye
Mwen : Kilès ki tap chèche mwen
Wou: Sô Nana te pale wou
Li: Sonya pat vle koute li
Nou : Oreli pa tande nou
Yo: Pa okipe yo

4.2.- Nou gen dwa ratresi pronon pèsonèl : mwen, wou, li, nou,
- Lè nap ratresi pronon pèsonèl yo, nou sèvi ak apostwòf pou pwonon sijèyo, sètadi ki vini anvan vèb la tankou :
mwen = m’
m’ sèkle, m’ plante, m’ rouze, m’ lave, m’ fè manje, m’ pa kapab ankò, m’bouke
Wou = w’ W’al kay madan Masèl, w’al pote tripotay ale , w’al di men sam te di.
Li = l’Li pala l’al travay.
- M’, w’, l’ se mo tankou lòt mo. Fòk nou kite yon ti espas anvan noukòmanse ekri mo ki vini apre ya
4.3- Nou sèvi ak ti tirè, pou makònen yon mo ak pwonon konpleman ratresiki swiv li yo tankou :
Apre vèb la : Mwen = -m Touye-m, rache-m, filange-m, ban-m kreyòl
Apre vèb la Wou = -w Sô Nana te pale-w
Apre vèb la : Li = -l Sonya pat vle koute-l
Apre vèb la : Nou = -nOreli pa tande-n
4.3.- Nou kapab sèvi ak ti tirè, pou makònen yon mo ak adjektif posesif kiswiv li ya tankou:
Pa mwen = pa-m
Pa wou = pa-w
Pa li = pa-l
Pa nou = pa-n
Radyo Nasyonal se pa-m, se pa-w, se pa-l , se pa-n, se pou nou tout li ye
4.4.-Nou kapab sèvi ak ti tirè, pou makònen yon mo ak yon lòt ki swiv li,tankou :
- fi-a manke bat mwen
- nèg-la ban-m kont manti-l
- mouche-a bwote lan nwit l’ale, li vòlò tout afè-m
- fanm-nan, se yon manman vòlèz."
- papa-l se yon bon gason
- pitit mwen se gran moun mwen ye , fòk ou koute-m
4.4.-Aksan Nou sèvi fè : e tounen ak aksan pou è (e aksan grav) : tèt nègo tounen ò : (ò aksan grav) tòkmòla san aksan devan 'n' prononse menm jan ak: akasan, move tan, briganà aksan grav devan 'n' prononse menm jan ak : talatàn, pàn karoutchou â aksan sikonflèks devan ‘n’ prononse menm jan ak: kwân kochon, tân rad,machân4.4.- Lan kreyòl kò tout vèb rèd, sètadi vèb pa jamè chanje se pwononpèsonèl ki devan-l lan ki change :An nou konjige vèb: paleMwen paleOu paleLi paleNou paleYo paleAn nou konjige vèb : tandeMwen tandeOu tandeLi tandeNou tandeYo tandeVèb mantiMwen mantiOu mantiLi mantiNou mantiYo mantiVèb chitaMwen chitaOu chitaLi chitaNou chitaYo chitaVèb revokeMwen revokeOu revoke Li revoke Nou revoke Yo revoke 4.5.- Pou dedi sa-w te di ou mete Pa Ka devan vèb laAn nou konjige vèb tounenMwen pa ka tounenWou pa ka tounenLi pa ka tounenNou pa ka tounenYo pa ka tounenAn nou konjige vèb chireMwen chireWou chireLi chireNou chire Yo chire, Yo pa lan katon wanEkzèsis #1M’Pale, m’ ekri kreyòl jan-m vleZanmi sa-w pat vle ya li rive. Selifèt tou fèt. M’roule lang mwen jan-mvle lan li kreyòl la. Mwen niche tèt kreyon-m jan-m vle lan ekri kreyòl la.M’kale dada-m jan-m vle lan kreyòl. Zafè moun ki vle rete avèg. Eske seblan franse m’ ye poum blije pale franse tout jounen. Kreyòl se lang nou.Se li, manman-m ak papa-m te pale ak mwen depi-m fenk fèt. Se li m’pale pibyen. Pi gwo pwoblèm mwen se li mwen pat kali-l ak ekri-l. Konnye ya lekóllage. Diplòm kreyòl mwen lan pòch dèyè-m. Prezidan Preval pase lòd pou toutpapye lan biwo leta ekri an kreyòl tou. Pase-m yon kout tafya pou tèt sa.Anmwe ! Gadon peyi ! Konye ya se pwoblèm travay-la m’ta anvi yo rezoud oukwè yo pa ta ban-m yon ti djob ?- Gade mon chè, daprè-w, wou gentan save ! Wou sanlè al mete moun deyò lanbiwo leta pou pran plas yo. Kreyòl la se yon zouti ke yo mete lan menw pouekri lèt, li jounal, apràn yon metye. Men fòk yo ekri liv an kreyòl poutout metye tankou : doktè, enfimyè, enjenyè, mekanisyen, enfòmatik,plonbye, avoka, fonde pouvwa, dantis, tayè, ebenis, fè fòje, elektrisyen ,koutiryè, boulanje, elektwonik elatriye.- Manti ! Ou vle di-m ke mwen ka apran-n metye sa-a yo tou. Ala ta yon bèlbagay ! Men jouk mwen mouri m’pa kwè map jan-m wè yon bagay konsa, paskegen moun ki pa ta bezwen pèp la avanse. Se sak fè yap goumen pou yo kenbepale franse ya, pou anba pa monte anwo pa desann sou chwal papa-a- Mon chè bay bouch ou de kalòt tande ! Se pa politik mwen vini fè la-a.Wou gen anpil lòt bagay ankò pou aprrann lan kreyòl la pou ka manje. Menfòk Leta mache prese pou li fè Akademi Kreyòl la, ki va gen pou misyon poul:1.- rekonèt mo ak kreye lòt mo ekri ou byen tradwi an kreyòl mo ki fenkparèt2.- ekri liv ke nou va gen bezwen pou tout kalite metye. Konsa nou papbezwen achte liv. Se pa-n yap ye.- M’te kwè se sa tout lòt peyi fè. Gade kijan Lachin fè yon sèl leve kanpe.- Hey, reveye-w, e konmsi m’ tande-w di Gouvènman, se lan rèv ou ye ? Si sepousa nou fenk kare tan-n. Menm yon Premye minis se yon pakèt chire pit pouyo nonmen-l alewè pou lekòl metye ak devlopman.- Antouka labouyi cho, se akote ou manjel, pa tikiyè. Nan 4 leson nou li akekri kreyòl. Lekòl lage.Ekzèsis # 2Resèt pou touye foumi fouJean Erich RenéTout moun lan Mowon, Mafran tou pre vil Jeremi lan Depatman Grandans-lan aprele anmwe, anmwe, ki kote foumi sa-a yo soti ! Se yon pichon madichon kitonbe sou peyi ya. Yon pil ak yon pakèt foumi ap mache devore pye bwatankou pye palmis, pye mayi, kann, kokoye, kakawo elatriye. Lè yo pase yonkote yo pa kite anyen dèyè. Se yon kolonn foumi fou tou blanch kap machefè dega. Peyizan yo pa konnen sa pou yo fè ak li lan la Krèp tou pre Mowon.Yo manje menm zannimo, kabrit,.bèf, poul elatriye.Dapre sa yon peyizan ke yo rele Nazè Diksonn di : foumi yo la depi 13 mwa.Se lan tè mouye yo fè nich yo.Yo kale yon pakèt ti vè tou blanch. Wa konprann ke se yon dra blanch ke yo tann a tè ya. Daprè Ministè Agrikiltigen 60.000 karo tè ke foumi sa-a yo pouri deja lan Nò : Plezans, Lenbe,Pilat. Lan Latibonit: Gwo Mòn. Minis Agrililti ya gen 57 milyon goud lanmen-l pou sa, li pa fè anyen. Gen plizyè ensektisid ki ka touye yo tankou :-tetraborat déka-idrat sodyum- silfiramid-metoprèn fenoksikabMen ensektisid sa-a yo koute chè anpil. Pa janm gen pèn san sekou. Daprerechèch ke mwen fè si yo fwote fey labsent lan dlo epi yo aroze bit foumiyo ou byen tè ya, nou ka gen yon souf ak foumi fou sa-a yo. Yo rele-l :Absent ou byen labsent, labsent mawon, bale anmè, zèbapyanTanpri souple youn di lòt pou nou kwape bann foumi fou sa-a yo kap delalajaden nou yo.Ekzèsis # 3- Bravo ! Viv lekòl pou tout moun. Viv metye pou tout moun.Viv lavi poutout moun. Viv lapè pou tout moun. Viv lasante pou tout moun. Viv manje poutout moun. Viv travay pou tout moun. - Aba prejije lang. Aba lavi chè. Aba grangou. Aba lamizè. Aba lenjistis.Aba pàn kouran. Aba kidnapè. Aba visye. Aba volè. Aba kidnapè, profitè.Tout moun se elèv. Tout moun se pwofesè. Tout moun ap aprann ekri ak likreyòl fen. Chak moun ap montre yon lòt moun ekri kreyòl. Men prensip pounou swiv :- nanpwen let ki bèbè sètadi, ki initil- chak lèt rete nan wòl yo,- tout son ekri menm jan,- Tout vèb rete rèd Egzèsis # 4Anvam ale, an nou li yon ti chante Koupe KloureKouchi, kouchi, kouchi, kouchaVin tande yon bèl pawòlLè Ayisyen pale kreyòlYo di ke-l pat al lekòlKouchi, kouchi, kouchi, kouchaVin tande yon bèl pawòlLè-w tandel pale franseYo di ke la pe ranseLè-w tande pale latenYo di ke lap fè tentenRistokoum patakoumPale latenYo te kyero elPale panyolMay daling Ay lòv youPale angleAnjèl wap met menPale kreyòlKouchi, kouchaKouchi, kouchaKonsa, konsa Kouchi, kouchaKonsa, konsaAtansyonMwen di tout moun orevwa. Nou diplôme lan li ak ekri kreyòlM’pa regrèt nouBabaySi nou vle vini pi fò :Klike sou Sit entènèt: http://www.kreyol. org/aprannk. htmImel : reka@kreyol. orgSe la mwen kopye twaka pawòl mwen di nou la-a yo ak règ gramè kreyòl yo

samedi 5 juillet 2008

Apran n prononse kreyól

Dezyèm leson:
Prononsyasyon
1.- Alfabè kreyòl la gen 32 lèt . Yo prononse yo menm jan ak mo ki an fas yo wa:
a : anana
an : san, dan
b : bebe
ch : chich, chwal
d : dife
e: elikoptè, egare
è: èv , elèv
en: enbesil, kreten
f: fistibal
g: grangou kloroks
h: enhen!
i: initil, pitit sesil
j: joumou
k: kola, kajou
l: lespwa, limyè
m: manman, mizè
n: nas, inonnin
g: peng, renn teng
o: otomobil, oke
ó: tókmól, lekól
on: limon, savon
ou: fou, sou
oun : moun
p: papa, papiyon
r: rara, rad
s: sosis,
t: tablèt
ui : luil doliv
v : vakabon
w : wa madigra, welel
ey : peye, piyay
z : zouti, zero
2.- An nou li ak ekri konsón yo
b : bebe, berè, bèbè, bali baton, betizè
ch : chemiz, chat, rache, rach , chiklèt, chalè
d : dekoud, difisil, daso, rada, gad
f : fal, rafal, saf , fenèt, foli, fini
g : garaj, bagay, bag , grangou, graj,
h : ho ho ! hey ! hen ! enhen!
j : jalou, kajou, raj , ji, ja
k : kay, kaki, kepi, makawon, avèk, kola
l : lavi, pale, fasil, dlo , lalo
m : maladi, malè, mizè, malsite, manje, manman
n : nas, nat, zepina, nich , pinèzn
g : beng, renn teng, maleng, peng , releng
p : poto, rapadou, pap, pip, papa,
r : rat, marasa , radi, diri, revólvè
s : sik, sak, sosis, sous dlo, dous makós,
t : taso, titato, tèt, tant, tonton
v : vakabon, lave, rèv , visye, volè
z : ze , zafè, raze, razè, zago, toupizi
- Konye ya, ou dwe kapab li tèks sa Egzèsis # 1
Mizè malere
La vi pa fasil pou malere. Dlo koute chè, pri diri monte. Se gran nèg sèlki manje ze. Ou pa ka achte yon konèt sik .Se ak rapadou pou sikre yon tikafe. Yon ti pake zepina koute 5 goud lan mache Tèt Bèf. Yon ti pake lalo,yon ti lafiba, yon tèt aransó, yon lo patat, yon kokoye, lan mache Salomon, se pa bagay póv ka achte ankó. Ou te mèt peng ou pa ka pa depanse. Se sakfè ou toujou razè. Si se pou zafè kay, se pa pale. Pou yon ti joupa ki fètak nas, chaje ak rat, jis yon ti kote pou mete yon nat pinèz pou kouche,yo pa pè mande 250 goud. Mizè ak malsite mare sosis yo pou topizi pèp la. Vakabon, visye, volè mandeanraje ak revolvè lan la ri ya. Yo anpeche moun viv, tèlman yo tire. Se pade rafal bal yo pa fè lan mache Anba madi midi. Moun leve kouri kitemachandiz atè. Ki pi rèd lapolis pa jamè vini.Yo lage pèp la pou kól. Bagayyo makawon ! Zafè pri gode diri se tèt nèg. Taso, kasav, dous makós, sebliye sa. Pa gen dlo, pa gen kouran, pa gen sekirite. Hen! Pèp la pa kamanje, li pa ka achte rad, se ak releng lap mache. Ti bebe yo kokobe tèlmanyo rete san lèt. Map mande kisa aloufa gro vant, ti memwa sayo ap fè lanBiro Leta. Mache ranse ! Pale franse, tandiske pèp la ap delala. Hey !Jenès la pa gen rèv, sinon ke monte bato pou lal chèche lavi lót bó dlo. Sesak fè yo pa vle nou li ak ekri kreyól, pou lasi ki lan je nou wan pa janmsóti. O non de Gran Mèt la, gen yon jou ka jou. Jou saa !

mardi 1 juillet 2008

Les salutations d’usage en créole

Les salutations d’usage en créole
1.-Créole…………..…..…..Français
Bonjou, alo….…........ ......... bonjour, allô
Onè, respè………………….salut
Bonswa……...……………..bonsoir
Bonn nwit.. …...…………...bonne nuit
Bon somey .…..…………...bonne nuit
Orevwa………..…………...au revoir
Babay…………............ .......au revoir
Na wè ankó……............ ......à la prochaine
Na revwa…………………. à la prochaine
Na wè titalè…..……………à tout à l’heure
Si bondye vle………………S’il plaît à Dieu
Kouman ou ye. …............ . ....comment allez-vous ?
Kouman ou ye……………..comment ça va
Sak pase…………………….Que se passe-t-il ?
Nap Goumen………………..nous luttons
Ki sa ki gen de nèf………….Quoi de neuf
Anyen………………………Rien
Eskizem…………………….excusez-moi
Mwen pa tande……………..Pardon !
Plètil………………………..je n’ai pas entendu
Souple………………………s’il vous plait
Mèsi………………………...merci
Mèsi bokou…………………merci beaucoup
Kay la se kay ou……………bienvenue
Rele lan teléfón………….…appeler au téléphone, téléphoner
Pale lan telefón…………..…parler au téléphone
Apèl entènasyonal………….Appel longue distance
Telefón san fil………………Téléphone sans fil
Telefón selilè……………….Cellulaire, portable
Zen, tripotay…………….…..téléphone arabe
Bouch, dyól………………….bouche
Teledyól, chwichwichwi .. …de bouche à oreilles
Alo.......…………………….Allô (téléphone)
Kilès kap pale ya………….. qui est à l’appareil
Ak ki moun map pale laa…. qui est à l’appareil
Se Jeral……….……………..C’est Gérald
Jeral , sak pase………………Gérald comment çà marche
Jeral sa kap fèt..……………..Gérald comment çà marche
Jeral saw regle……………...Gérald comment çà marche
Jeral saw mennen…………...Gérald comment çà marche
Kouman manmanw ye……...comment va ta maman
Mwen ka pale ak li………….puis-je lui parlerOke,
dakó cheri……………..oui, d’accord mon chéri
Non jwèt, ti non……………..surnom, sobriquet

2.- Créole…………………....anglais
Bonjou, alo….…...………... hello
Bonjou…………………….. good morning (avan midi)
Bonjou….…..………………good afternoon (aprè midi)
Bonswa…………..…………good evening
Bonn nwit.. …...……………good night
Orevwa………..……………good bye
Babay…………………….....by bye
Na wè ankó……...………….see you
Na wè titalè…..….………….see you later
Na wè byento…...…………...see you soon
Si bondye vle………………..If I’m still alive
Kouman ou ye. …..………...How are you ?
Sak pase…………………….what happen?
Nap Goumen………………..fighting
Ki sa ki gen de nèf…………What’s new?
Anyen………………………Nothing
Eskizem…………………….excuse-me !
Eskizem…………………….sorry
Mwen pa tande……………. excuse-me!
Plètil………………………..pardon/excuse me
Souple……………………...please
Mèsi………………………..thank you
Mèsi bokou…………….…..thank you very much
Kay la se kay ou……………welcome
Rele lan teléfón…………….call on phone
Pale lan telefón…………….speak on the phone
Telefón san fil………………cordless, pushbutton
Téléphone cellulaire……….Cellphone , cellular phone
Portable……………………..portable phone
Zen, tripotay……………….grapevine
Bouch, dyól………………..mouth
Teledyól, chwichwichwi… ...through the grapevine
Teledyól, chwichwichwi… ..By word of mouth
Alo ……………..………….Hello
Apèl entènasyonal…………international call
Kilès kap pale ya………….. Who’s it?
Ak ki moun map pale laa….. Who’s that ?
Se Jeral……………………..This is Gérald
Jeral, sak pase………………What happen Gérald?
Jeral sa kap fèt..…………….What’s up Gérald ?
Kouman manmanw ye……....how is your mother (mon’m)?
Mwen ka pale ak manmanw .could I speak to your mother?
Wi, dakó cheri……………....Ok, okay dear
Dakó……… ………………...All rightOlrayt..…… ………………...All right
Non jwèt, ti non………………nickname

3.- Créole …………………..Espagnol
Bonjou, alo….…....………..... buenos días
Bonswa…………..………..…buenas tardes
Bonne nuit………………...…buenas noches
Babay…………………….......by bye
Orevwa……………………....hasta la vista
Orevwa…………………..…..adiós
Na wè ankó……...………..….hasta otra
Na wè titalè…..….…………...hasta luego
Na wè byento...….………… ..hasta ahora
Na wè titalè…..….…………...hasta pronto
Na wè demain...... .......... ........ ..hasta manana
Na wè demain matin....... .... ...hasta manana por la manana
Si bondye vle………………..ojalà
Kouman ou ye. …..………... Cómo estas (tù) ?
Kouman ou ye. …..………....Cómo esta(Vd) ?
Kouman nou ye la…………Cómo estan ?
Sak pase……………………Que pasa ?
Nap Goumen……………….luchando
Nap chèche lavi…………….buscando la vida
Ki sa ki gen de nèf…….……Que hay de nuevo ?
Anyen………………….…...Nada
Eskizem……………….……dispenseme!
Eskizem………………….…perdoneme !
Mwen pa tande…………….no oigo
Souple……………………...por favor
Mèsi………………………..gracias
Mèsi bokou…………….…..muchas gracias
Mèsi anpil………………….muchissimas gracias
Kay la se kay ou……………bienvenido, bienvenida
Rele lan teléfón…………….llamar por teléfono
Pale lan telefón……………hablar por teléfono
Telefón san fil……………..teléfono inalàmbrico
Telefón san fil……………..teléfono modular
Téléphone cellulaire……….inteligente
Portable……………………teléphono
móvilBouch, dyól………………..boca
Teledyól, chwichwichwi… de boca en boca
Alo ……………..…………. diga !
Alo………………………….oiga !
Kilès kap pale ya…………. quién está al aparato? Quién llama ?
Apèl entènasyonal…………llamada a larga distancia
Apèl frè vire…………...….llamada a cobro revertido
Ak ki moun map pale laa?. con quién hablo ?
Se Jeral……………………Es Gerald
Jeral, sak pase ?…………… Que pasa Gerald?
Jeje sakap fèt ?……………Que fue Jeje ?
Kouman manmanw ye ?… Coma va tu mama ?
Mwen ka pale ak li ?………Puedo hablar con ella ?
Ok, dakó…………………Si, de acuerdo
Non jwèt, ti non…………apodo, sobrenombre