mercredi 28 mai 2008

Pwovèb lakay

Aide
De mèg pa fri.
Kouto pa janm grate manch li.
Ti bout kouto miyò pase zong.
Yon sèl dwèt pa manje kalalou.

Ambition
Anbisyon touye rat.
Anvi tout, pédi tout.

Amitié
Achte peye, prete remèt, se sa ki fè zanmi dire.
Bèl dan pa di zanmi pou sa.
Chen ki konnen-w, se li ki souke ke-l pou ou.
Fiyèl mouri, makomè kaba.
Lè-w genyen zanmi konnen-w.
Men ale, men vini zanmi dire.
Pye bèf pour pye bèf, map prann kay pratik.
Zanmi pre se zanmi kòd anba bra.

Amour
Chen pa janm mode piti li jis nan zo.
De mèg pa fri
Lamou pa konn dèyè pyese.
Si-w renmen po-a fò-k renmen grenn la tou.

Anes
Bourik chaje pa kanpe.
Bourik fè pitit pou do-l poze.
Bourik toujou rete bourik.
Bourik travay, chwal garyonen.
De kou nan bouda bourik la, de kou nan sakpay la.
Lanmò bourik ranje chen.
Le-w nan mitan bourik, ou pote ba.
Mizè fè bourik kouri pase chwal.
Ou fòse bourik janbe dlo, ou pa fòse-l bwè dlo.
Ou Ou wè mare chwal, mare bourik pi rèd.

Apparence (fausse)
Bel lantèman pa vle di paradi.
Bèl cheve pa lajan.
Bèl fanm pa vle di bon ménaj.
Bèl parol pa vle di verite pou sa.
Chen ki jape pa mòde.
Dlo lacho blanch, men li lèt pou sa.
Foumi pa mouri anba barik siro.
Jan chat mache se pa jan-an li chase rat.
Kaka poul pa ze.
Kalbas gran bouch pa ken dlo.
Kay koule tronpe solèy men li pa ka tronpe lapli.
Pale fransè pa di lespri.
Se lè koulèv la mouri, ou wè longè-l.
Tande pa di konprann pou sa.
Tankou ti Jezi nan po krab.
Ti dife boule.
Zafè nèg pa janm piti, se janm kanso-l ki piti.

Argent
Chemen lajan pa gen pikan.
Kòfrefò pa swiv kòbya.
Lajan al kay lajan.
Lajan fè chen danse.
Lajan fè nèg monte maswife
Lajan kase ròch.
Lanjan nan poch pa fè pitit.
Lajan pa fè boul nan pòch malere.
Lajan pa al gangan pou-l tounen.
Lajan pa gen lode.
Mezi lajan-w, mezi wanga-w.
Se sen kòb ki fè goud.

Aubaine
Sa-w tap chache anlè, ou jwenn li atè.
Yon avantaj bab ak moustach.
Auto-Defense
Byen jwennm byen kontre.
Mwen byen sangle, mwen pap foule.


Vaches
Bèf di li pral sal savann, se ke-l li sal.
Bèf ki gen ke long, pa janbe dife.
Bèf pa janm di savann mèsi.
Bèf pou wa, savann pou wa, ya demele yo.
Bondye pouse mouch pou bèf san ke.
Ou kouche sou po bèf la, wap pale-l mal.

Valeurs
Kochon manje santiman-l nan po bannan-n.
Pito dlo-a tonbe, klabas la pa kraze.
Santi bon koute chè.

Vanités
Bèl cheve pa lajan.
Fe wè pa dire.
Kòfrefò pa swiv kòbya.
Larouze fè banda tout tan solèy poko leve.
Matla te di plis pase sa, epi li kite payas monte-l.

Vengeance
Bat chen-an tan mèt li.
Jou fèy tonbe nan dlo se pa jou-a li pouri.
Lè-w manje pitit tig, ou pa domi di.
Sa nèg fè nèg Bondye ri.
Teke mab la jis li kase.

Vérité
Bèl parol pa vle di verite pou sa.
Bonjou-l pa la verite.
De je kontre manti kaba.
Rayi chen di dan-l blanch.

Vices
Abitid se vis.
Gen twou nan manch.
Tout moun gen yon gren zannon kay zofèv
Zonbi ki goute sèl, pa mande rete.

Aucun commentaire: