samedi 5 juillet 2008

Apran n prononse kreyól

Dezyèm leson:
Prononsyasyon
1.- Alfabè kreyòl la gen 32 lèt . Yo prononse yo menm jan ak mo ki an fas yo wa:
a : anana
an : san, dan
b : bebe
ch : chich, chwal
d : dife
e: elikoptè, egare
è: èv , elèv
en: enbesil, kreten
f: fistibal
g: grangou kloroks
h: enhen!
i: initil, pitit sesil
j: joumou
k: kola, kajou
l: lespwa, limyè
m: manman, mizè
n: nas, inonnin
g: peng, renn teng
o: otomobil, oke
ó: tókmól, lekól
on: limon, savon
ou: fou, sou
oun : moun
p: papa, papiyon
r: rara, rad
s: sosis,
t: tablèt
ui : luil doliv
v : vakabon
w : wa madigra, welel
ey : peye, piyay
z : zouti, zero
2.- An nou li ak ekri konsón yo
b : bebe, berè, bèbè, bali baton, betizè
ch : chemiz, chat, rache, rach , chiklèt, chalè
d : dekoud, difisil, daso, rada, gad
f : fal, rafal, saf , fenèt, foli, fini
g : garaj, bagay, bag , grangou, graj,
h : ho ho ! hey ! hen ! enhen!
j : jalou, kajou, raj , ji, ja
k : kay, kaki, kepi, makawon, avèk, kola
l : lavi, pale, fasil, dlo , lalo
m : maladi, malè, mizè, malsite, manje, manman
n : nas, nat, zepina, nich , pinèzn
g : beng, renn teng, maleng, peng , releng
p : poto, rapadou, pap, pip, papa,
r : rat, marasa , radi, diri, revólvè
s : sik, sak, sosis, sous dlo, dous makós,
t : taso, titato, tèt, tant, tonton
v : vakabon, lave, rèv , visye, volè
z : ze , zafè, raze, razè, zago, toupizi
- Konye ya, ou dwe kapab li tèks sa Egzèsis # 1
Mizè malere
La vi pa fasil pou malere. Dlo koute chè, pri diri monte. Se gran nèg sèlki manje ze. Ou pa ka achte yon konèt sik .Se ak rapadou pou sikre yon tikafe. Yon ti pake zepina koute 5 goud lan mache Tèt Bèf. Yon ti pake lalo,yon ti lafiba, yon tèt aransó, yon lo patat, yon kokoye, lan mache Salomon, se pa bagay póv ka achte ankó. Ou te mèt peng ou pa ka pa depanse. Se sakfè ou toujou razè. Si se pou zafè kay, se pa pale. Pou yon ti joupa ki fètak nas, chaje ak rat, jis yon ti kote pou mete yon nat pinèz pou kouche,yo pa pè mande 250 goud. Mizè ak malsite mare sosis yo pou topizi pèp la. Vakabon, visye, volè mandeanraje ak revolvè lan la ri ya. Yo anpeche moun viv, tèlman yo tire. Se pade rafal bal yo pa fè lan mache Anba madi midi. Moun leve kouri kitemachandiz atè. Ki pi rèd lapolis pa jamè vini.Yo lage pèp la pou kól. Bagayyo makawon ! Zafè pri gode diri se tèt nèg. Taso, kasav, dous makós, sebliye sa. Pa gen dlo, pa gen kouran, pa gen sekirite. Hen! Pèp la pa kamanje, li pa ka achte rad, se ak releng lap mache. Ti bebe yo kokobe tèlmanyo rete san lèt. Map mande kisa aloufa gro vant, ti memwa sayo ap fè lanBiro Leta. Mache ranse ! Pale franse, tandiske pèp la ap delala. Hey !Jenès la pa gen rèv, sinon ke monte bato pou lal chèche lavi lót bó dlo. Sesak fè yo pa vle nou li ak ekri kreyól, pou lasi ki lan je nou wan pa janmsóti. O non de Gran Mèt la, gen yon jou ka jou. Jou saa !

Aucun commentaire: